An kreyòl

Sistèm enfòmatik jesyon lekòl pou tout etablisman edikatif ann Ayiti

ETHOS se yon sistèm enfòmatik jesyon lekòl ki fèt espesyalman pou reponn a bezwen etablisman edikatif ann Ayiti. Li gen ladann modil pou enskripsyon elèv, jesyon nòt ak bilten, palmarès, swivi prezans, jesyon peman ekolaj, ak kominikasyon dirèk ant lekòl ak paran yo. Li se yon platfòm inifye ki pèmèt jere tout aspè lavi akademik ak administratif yon lekòl.

Ou pi alèz an franse ? Ale sou vèsyon fransè a

Kisa li fè

Tout jesyon lekòl la nan yon sèl kote

Chak modil ranplase yon travay ki te konn fèt alamen nan lekòl la.

Jesyon elèv

Enskripsyon, dosye elèv, klas, foto, dokiman — tout istwa elèv la nan yon sèl kote.

Pwofesè ak klas

Ki pwofesè nan ki klas, ki matyè, ki orè. Direksyon an wè tout bagay klè.

Nòt ak bilten

Pwofesè yo mete nòt yo, sistèm nan kalkile mwayèn yo epi li prepare bilten an PDF.

Ekolaj ak pèman

Swiv ki moun ki peye, ki moun ki dwe, konbyen. Chak pèman gen resi pa l.

Prezans

Apèl rapid nan klas, absans jistifye, epi paran an resevwa yon avètisman.

Palmarès ak klasman

Mwayèn, ran ak palmarès pou chak peryòd — kalkile otomatikman, san erè.

Espas paran ak elèv

Fanmi an ka gade nòt, prezans ak ekolaj sou telefòn li, san li pa vin nan sekretarya a.

Chak lekòl apa

Done lekòl ou pa janm melanje ak done yon lòt lekòl. Chak moun wè sèlman sa ki konsène l.

Poukisa Ethos

Sa lekòl la genyen ladan l

Ou sispann pèdi swa

Kalkile mwayèn, chèche ran chak eleve, rekopye bilten alamen — se plizyè swa chak trimès. Sistèm nan fè kalkil la depi nòt yo antre.

Pa gen erè nan kalkil

Mwayèn ak koefisyan, ran nan klas la, palmarès la : tout kalkile menm jan chak fwa. Si yon nòt chanje, tout bagay refèt pou kont li.

Paran yo enfòme

Lè yon paran ka wè nòt, prezans ak ekolaj pitit li lè l vle, sekretarya a sispann pase jounen an ap reponn menm kesyon an.

Li mache sou telefòn

Paj yo lejè. Yon pwofesè ka mete nòt oswa fè apèl ak telefòn li, menm lè koneksyon an pa twò fò.

Kijan sa mache

Depi premye jou a jiska premye bilten an

  1. 1Nou enstale lekòl ou a epi nou antre klas, matyè ak koyefisyan yo
  2. 2Nou pran lis elèv ou genyen deja a — ou pa retape anyen
  3. 3Nou fòme direksyon an, sekretarya a ak pwofesè yo
  4. 4Pwofesè yo kòmanse mete nòt ak prezans
  5. 5Bilten, palmarès ak resi yo soti otomatikman

Kesyon

Sa direktè yo konn mande nou

Abònman an depann de kantite eleve lekòl la genyen: yon lekòl ak yon efektif piti peye yon ti abònman. Gade paj Tarifs la pou detay yo, oswa mande yon demonstrasyon pou nou ba w yon pri egzak.

Mo moun yo itilize pou chèche nou

Menm bagay la gen plizyè non, an kreyòl kou an franse. Si se youn nan mo sa yo ki mennen w isit la, ou nan bon kote a.

  • pwogram jesyon lekòl
  • logiciel jesyon lekòl
  • pwogram pou lekòl ann Ayiti
  • sistèm jesyon eleve
  • bilten lekòl otomatik
  • jesyon nòt ak prezans
  • jesyon ekolaj
  • kontwòl peman lekòl
  • palmarès lekòl
  • espas paran ak eleve
  • aplikasyon pou direktè lekòl
  • programme de gestion scolaire
  • logiciel de gestion scolaire Haïti

Voir le lexique scolaire français–kreyòl pour la correspondance complète des termes.

Ann fè yon demonstrasyon pou lekòl ou

Nou montre w kijan sistèm nan mache ak done lekòl ou yo, epi nou reponn tout kesyon w — an kreyòl oswa an fransè.

  • Enstalasyon enkli
  • Fòmasyon ekip la
  • Sipò an kreyòl